35 episodes

Jounen jodi a entènèt rantre nan kè maketing lan e nan kèlkeswa domèn ou ye a ou dwe byen itilize l si w vle pozisyone w kòm premye chwa kliyan yo.
Ou ta renmen konn kijan pou w itilize zouti maketing nimerik la pou w devlope yon mak ki fò pou biznis, pwojè oubyen menm pou tèt ou?
Koute ESPACE MARKETING !
premye podkas ayisyen ki fokis sou maketing, kreyasyon mak ak biznis an liy.

chak samdi nou pataje teknik, konsèy ak strateji k ap ede w nan domèn lan.
Koute n sou tout platfòm yo e pa bliye rantre an kontak avèk nou... Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/espacemarketing/support

Espace Marketing Kims Beljean

    • Business

    Q&A sou digital marketing : Q&A : Mwen reponn kèk kesyon ki enpotan anpil

    Q&A sou digital marketing : Q&A : Mwen reponn kèk kesyon ki enpotan anpil

    Jan m te anonse l lan, nan okazyon anivèsè m, mwen chwazi pibliye yon epizòd ki baze sou yon seri kesyon anpil nan nou te poze m pou nou ka pi byen konprann fonksyonman ak baz maketing nimerik la sitou an Ayiti.

    Nan nimewo sa mwen pale de pwen tankou :

    - konpetans ak etid ki nesesè pou evolye nan domèn sa,

    - Ki travay yon moun ki nan atizay ka fè nan maketing an liy

    - Konsèy pou yon jèn an Ayiti ki ta renmen vann konpetans li nan domèn lan, selon eksperyans mwen.

    Mwen espere n ap jwenn repons nou bezwen yo pou ede n konprann domèn lan pi byen pou nou rive fè siksè ladan l.

    Bon ekout !

    ---

    Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/espacemarketing/support

    • 36 min
    Kijan entènèt la ka ede antrepriz ak pwofesyonèl yo nan moman kriz | Kims Beljean

    Kijan entènèt la ka ede antrepriz ak pwofesyonèl yo nan moman kriz | Kims Beljean

    Aprè yon moman absans akoz sitiyasyon difisil n ap travèse yo, nou kontan envite w tande yon nouvo
    epizòd spesyal podkas Espace Marketing sou kijan nimerik la ka rive ede antrepriz ak pwofesyonèl yo travèse moman kriz yo !Nou eksplore divès pwen tankou :• Jan entènèt la chanje fason biznis yo fonksyone• Divès zouti nimerik ki ka ede antrepriz yo menm nan peryòd kriz• Kantite opòtinite ki louvri pou pwofesyonèl ayisyen yo depi aprè 2020 gras ak entènèt la...

    ---

    Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/espacemarketing/support

    • 16 min
    Dekouvri istwa ak pakou Bèlide Magazine, depi 2018 jiska jodi a

    Dekouvri istwa ak pakou Bèlide Magazine, depi 2018 jiska jodi a

    Oggi se yon jèn antreprenè k ap evolye nan domèn nimerik lan depi kèk lane. Aktivite l nan kesyon graphic design te ba l volonte kreye Bèlide Magazine, yon magazin an liy ki kouvri sektè kiltirèl la ak lòt.

    Dèyè gwo travay Bèlide ap fè a, gen anpil sakrifis ak obstak
    ki make ekip la. Oggi pataje istwa l ak pakou l soti depi nan kreyasyon magazin nan rive nan vizyon yo genyen pou avni yo.

    Nou envite w tande epizòd la kounya !

    ---

    Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/espacemarketing/support

    • 35 min
    Dekouvri metòd ak teknik k ap ede w reyisi nan domèn E-commerce la | Jean Hermy Beauciquot

    Dekouvri metòd ak teknik k ap ede w reyisi nan domèn E-commerce la | Jean Hermy Beauciquot

    Mond nimerik la pote anpil chanjman nan lavi n pèsonèl ak pwofesyonèl nou. Li menm rive fè enpak sou fason nou fè biznis. Jounen jodi a, gras ak entènèt epi bon konpetans yo, ou pa bezwen anpil pou w fè komès pa egzanp. Ou ka ret lakay ou epi kreye yon biznis an liy kote w ap vann pwodui bay kliyan san w pa deplase.

    Se sa yo rele E-COMMERCE la ! E se de sa n ap pale nan epizòd sa a.

    Byenvini nan Espace Marketing, nan nimewo sa nou gen Jean Hermy Beauciquot kòm envite ki vin pataje konesans ak eksperyans li nan domèn lan yon fason pou ede w reyisi ladan l tou. Hermy se yon spesyalis ki atenn 6 chif pa ane gras ak brand li met sou pye.

    Jodi a li vin devwale sekre sikse l, nou envite w tande l epi pataje epizòd sa !

    ---

    Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/espacemarketing/support

    • 26 min
    Men kijan w ka konstwi yon Brand Identity ki solid e inik pou biznis ou

    Men kijan w ka konstwi yon Brand Identity ki solid e inik pou biznis ou

    Idantite mak yon antrepriz se tout valè, vizyèl ak mesaj ki met ansanm pou reprezante antrepriz sa. Se sa ki defini kijan piblik la pral wè e konprann mak ou an.

    Li nesesè pou w byen konstwi epi jere idantite mak la paske menm jan l ap ede w grandi se konsa tou li ka fouye w nan twou lè l mal jere.

    Nan epizòd sa, Blaise Defky (Husky Design) pataje anpil konsèy ak astis k ap ede w nan pwosesis sa.

    Bon ekout !

    ---

    Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/espacemarketing/support

    • 35 min
    Kreye yon prezans an liy pou biznis ou gras ak konsèy sa yo | Herby Charles

    Kreye yon prezans an liy pou biznis ou gras ak konsèy sa yo | Herby Charles

    • Ki etap kle yon moun dwe suiv pou l kreye yon prezans an liy ?
    • Kijan l ka rive jwenn premye kliyan l sou entènèt la ?
    • Èske yon biznis ki fenk ap lanse l an liy dwe kouri antre nan piblisite peyan ?

    Se pwen sa yo ak plizyè lòt ankò Herby Charles te touche nan premye epizòd Espace Marketing pou 2024 lan, kote li pataje divès konsèy ak strateji maketing pou yon biznis ka grandi sou entènèt la.

    Tande l kounya e pa ezite aplike konsèy li yo pou w jwenn bon rezilta ane sa a.

    ---

    Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/espacemarketing/support

    • 51 min

Top Podcasts In Business

Money Rehab with Nicole Lapin
Money News Network
REAL AF with Andy Frisella
Andy Frisella #100to0
The Prof G Pod with Scott Galloway
Vox Media Podcast Network
The Ramsey Show
Ramsey Network
The Money Mondays
Dan Fleyshman
Young and Profiting with Hala Taha
Hala Taha | YAP Media Network