5 episodes

MTalk Podcast se yon espas lapawòl ki santre sou moun nan rapò li ak tèt li, rapò li lanati, rapò li ak lòt yo e sitou rapò li ak kominote y ap evolye ladan l. Se tou yon espas pou fè pwomosyon pou lavi, pou byennèt, pou amoni ak ekilib.

MTALK PODCAST Collinx Mondesir

    • Health & Fitness

MTalk Podcast se yon espas lapawòl ki santre sou moun nan rapò li ak tèt li, rapò li lanati, rapò li ak lòt yo e sitou rapò li ak kominote y ap evolye ladan l. Se tou yon espas pou fè pwomosyon pou lavi, pou byennèt, pou amoni ak ekilib.

    ANESTEZI EMOSYONÈL KÒM FÒM EKSPRESYON SIKOLOJIK KRIZ AYITI KOUNYA A

    ANESTEZI EMOSYONÈL KÒM FÒM EKSPRESYON SIKOLOJIK KRIZ AYITI KOUNYA A

    Jounen jodi a, Ayiti ap konnen yon kriz plizyè tèt : politik, ekonomik, sosyal e menm imanitè.  Pou Professeur Billy,  kriz sa se rezilta dejenenasyon yon eleman nan sistèm nan ki se vyolans, ki atenn yon nivo pawoksis e ki vin kreyeyon sitiyasyon pèson pa gen kontwòl li. Nan sans sa, vyolans lan vin tounen yon modalite pou Ayisyen afime tèt yo epi siviv nan yon anviwònman ki ostil pi plis chak jou. 

    Ki enpàk anviwòman agresif sa genyen sou lavi an Ayiti ? Ki fòm ekspresyon emosonèl li jenere lakay Ayisyen ? Kòman n ka soti nan sik vyolans sa ? Kijan n ka restore espas kote moun ap viv yo an Ayiti pou yo sispann reveye emosyon negatif lakay moun ? Nan ki limit Ayisyen ka kontinye ap adapte l ak sitiyasyon enframoun sa ? Raynold Billy, Doktè nan Sikoloji Sosyal ak Entèkiltirèl ap fè viwonn kesyon sa ak nou nan twazyèm epizod sa.


    ---

    Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/collinx-mondesir/message

    • 1 hr 6 min
    KI ENPAK REZO SOSYAL SOU LAVI MOUN JOUNEN JODI A ?

    KI ENPAK REZO SOSYAL SOU LAVI MOUN JOUNEN JODI A ?

    Jodi a li preske enposib pou yon moun pase l de rezo sosyal. Nan Nivo pwofesyonel ou pèsonèl, nou tout se itilizatè ki plizoumwen aktif sou rezo sosyal. 4 premye rezososyal ki nan top klasman an gen yo chak plus yon milya itilizatè. Selon yon rapò Kepios, ki se yon enstans k ap ede idantifye chanjman nan konpòtman nimerik, nan mwa janvye 2022 ki sot pase la, gen anviwon 4,95 milya moun k ap itilize rezo sosyal ak entènèt. Sou tout denyè deseni sa to kwasans itilizate a estime ak 8,6%. Nan yon lane sèlman se plis pase 192 milyon moun anplis ki vini sou rezo sosyal.



    Ki enpak rezo sa yo genyen nan lavi chak jou moun ? Ki bon ak move kote yo ? Miguelline Edouard, Sikològ espesyalize nan Sikanaliz, ap fè viwonn kesyon sa ak nou nan dezyèm epizod sa.


    ---

    Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/collinx-mondesir/message

    • 1 hr 9 min
    KI SANS DEVLÒPMAN PÈSONÈL GENYEN NAN KONTÈKS EKONOMIK SOSYAL AK POLITIK AYISYEN KOUNYA A ?

    KI SANS DEVLÒPMAN PÈSONÈL GENYEN NAN KONTÈKS EKONOMIK SOSYAL AK POLITIK AYISYEN KOUNYA A ?

    Anpil estrikti ak "coach" nan devlòpman pèsonèl ap pouse tankou djondjon an Ayiti dènyè tan sa yo. Tandans sa pa sèlman an Ayiti se nan tout mond nan, gen yon gwo monte an pisans nan fason moun yo konsome kontni sou devlòpman pèsonèl. Ant lane 2021 pou rive 2021, pwodiksyon liv sou sijè sa ogmate jiska 75%, san konte magazin, sit entènèt, blòg, enfliyansè k ap simaye enfòmasyon pasipala pou pouse moun an jeneral pran desten yo an men nan devlope kapasite yo e nan mache kontre pi bon vèsyon posib yo menm nan.

    Ki sans yon apwòch pozitivis konsa, ki rann bonè a posib e aksesib ak tout moun e ki rann endividi a responsab totalman siksè l ou echèk li, genyen nan kontèks ekonomik, sosyal ak politik Ayisyen kounya a ?

    Steeven Louis, Doktoran nan Sikoloji Klinik ak Sikopatoloji ap fè viwonn kesyon sa ak nou nan premye epizod sa. 


    ---

    Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/collinx-mondesir/message

    • 1 hr 7 min
    MTALK PODCAST : ENTWODIKSYON AK PREZANTASYON JENERAL

    MTALK PODCAST : ENTWODIKSYON AK PREZANTASYON JENERAL

    KISA KI MTALK PODCAST ?

    MTalk Podcast se yon espas lapawòl ki santre sou moun nan rapò li ak tèt li, rapò li lanati, rapò li ak lòt yo e sitou rapò li ak kominote y ap evolye ladan l.

    Objektif Mtalk Podcast se kreye yon espas pawòl kote n ka aprann plis sou tèt nou, konprann pi byen kondisyon egzistans nou, chèche kòman n ka viv pwòp lavi nou nan mete devan potansyèl ak talan la nati bay nou, chèche konprann kijan n ka devlope lyen solid ak lòt yo, kijan chak endividi ka anbrase idantite l nan aksepte tout sa ki fèl diferan : tankou koulè po l, wotèl, gwosèl, fason l viv emosyon l yo, vizyon l sou lavi ak sou lemond, fason l aji, sansiblite l, elatriye…

    Mtalk Podcast vle yon espas pou fè pwomosyon pou lavi, pou byennèt, pou amoni ak ekilib. yon espas pou ankouraje rèv ak akonplisman chak moun.


    ---

    Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/collinx-mondesir/message

    • 9 min
    MTALK PODCAST : BAND ANONS

    MTALK PODCAST : BAND ANONS

    MTalk Podcast se yon pawòl sou Moun, yon pawòl sou Mond lan ki chita sou 3 pilye prensipal : Motivasyon, Byennèt ak devlòpman pèsonèl

    Podcast si la gen pou objektif ede chak moun mache kontre pibon vèsyon yo menm nan ankouraje yo devlope bonjan rapò amoni ak tèt yo, ak lanati epi ak kominote yo.

    Prezantatè : Mondésir Collinx


    ---

    Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/collinx-mondesir/message

    • 22 sec

Top Podcasts In Health & Fitness

Soothing Sleep
OpenMind
Huberman Lab
Scicomm Media
The School of Greatness
Lewis Howes
ZOE Science & Nutrition
ZOE
On Purpose with Jay Shetty
iHeartPodcasts
Passion Struck with John R. Miles
John R. Miles