Episodes
Sezon 2.
Published 03/18/21
Si w ta renmen kreye bèl dizay pou rezo sosyal, epizod sa ap ede w. Nan epizod, mwen gen avè m Marc Ralph Louis ki se youn nan pi bon Graphic Designer mwen konnen, k ap pataje konsèy k ap ede w kreye bèl dizay pou rezo sosyal yo. Nou touche pwen tankou : Eske w ka itilize Canva si w pa yon Pro pou w kreye bèl dizay si w konn Photoshop ak Adobe Illustrator Prensib baz pou w kreye bèl dizay Pi bon typography ou ka itilize nan dizay ou Konsèy pratik pou moun ki pa graphic designer ka...
Published 12/26/20
Lucas Berton Bruny, Graphic Designer ap pataje istwa l e koman li soti de 0 a 8,000 abone sou Instagram. Nou touche pwen tankou : Pwosesis pou w soti de 0 a 8,000 abone sou Instagram 3 pi gwo leson Lucas aprann nan pakou li sou Instagram ak @lucasmotiv Estrateji ki pi efektif pou ede w grandi sou Instagram ak anpil lot anko...........................
Published 12/15/20
Avan yon moun ka achte nan men w, li dwe konnen w e fè w konfyans. Si moun yo pa konnen w, yo pa p ka achte nan men w. Konekte avèk odyans sible a, enpòtan pou tout biznis ki vle grandi e ogmante lavant yo. Nan epizod jodia, Pierre Stanley Baptiste, espesyalis nan kreyasyon Mak Ki konstwi odyans solid sou platfòm rezo sosyal yo, ap pataje konsèy pratik sou kòman pou w konstwi yon Odyans Solid e Jwenn nouvo kliyan pou biznis ou sou Rezo Sosyal yo.
Published 12/08/20
Si w pa kreye kontni sou entènèt la, ou preske pa egziste. Nan epizod jodia, m ap pataje avè nou 7 zouti gratis K ap ede n kreye kontni enteresan pou rezo sosyal yo.
Published 11/24/20
Espesyalis nan Maketin Dijital, Kims Beljean, nan epizod sa ap ede w konprann kisa maketin dijital ye, enpòtans li pou biznis jounen jodia e wòl rezo sosyal yo jwe nan plan maketin dijital.
Published 10/16/20
Si w ta renmen konnen koman pou w genyen 1 Milyon Followers sou Rezo Sosyal yo, Epizod sa se pou ou. Mwen ansanm ak Etzer-Louis Charles fè revi Liv " One Million Followers " ke Brendan Kane ekri.  Nou pale sou koman Brendan Kane soti de 0 a 1 Milyon Followers nan 30 Jou, e nou Dekòtike sistèm ak estrateji li itilize pou fè sa, ak koman ou ka itilize sistèm sa pou grandi paj Rezo Sosyal ou yo.
Published 10/09/20
Nouvo epizod sa ap ede w konprann enpotans Rezo Sosyal yo pou ede w reyisi estrateji maketin ou pra l itilize pou biznis ou an. Epizod sa se yon ti pati nan entèvyou emisyon APRANN, de @makeyourmove509, kote mwen te envite pou m pale sou Maketin Rezo Sosyal.  Si w ta renmen tande tout konvèsasyon mwen te genyen ak Kims Beljean an, branche emisyon APRANN, li disponib sou tout platfom podcast yo.
Published 10/02/20
Nan epizòd sa, Seevlay Bazard ap pataje eksperyans li, koman pwosesis la te ye pou li pou l sòti de 0 a 10,000 abone sou paj Facebook li. Nou pale sou : - Twa pi gwo leson li aprann ki ede l grandi paj li - koman li te al viral, li gen piblikasyon ki atenn 500,000 moun - Opòtinite sa pèmèt li jwenn nan karyè l Ak anpil lòt ankò.......
Published 09/25/20
Taktik ou dwe konnen pou w devlope yon bon estrateji maketin pou Facebook.
Published 09/18/20
Kreye yon paj Facebook biznis se yon bagay ki senp e fasil ke majorite moun ka fe, men byen optimize yon paj Facebook le w ap kreye l pou atire nouvo kliyan, se pa tout moun ki konnen sa. Nan epizod jodia, nou pale sou koman pou w kreye e optimize paj Facebook biznis ou.
Published 09/04/20
Plis ou klè sou fason Rezo Sosyal yo ap ede w grandi biznis ou, plis w ap pi efektif lè w ap fè maketin rezo sosyal pou biznis ou.
Published 08/07/20
Maketin Rezo Sosyal se youn nan pi gwò opòtinite nan mond n ap viv jounen jodia pou akonpli objektif ou genyen yo nan biznis. Jwenn nou chak semèn nan yon nouvo epizod kote w ap jwenn estrateji ak konsèy pratik sou Maketin Rezo Sosyal. Ret branche.
Published 07/31/20