Madan Jacques resevwa Doktè Thierry Laplanche ak Doktè Marie Maud Nazon Laplanche nan #MoneyTalks
Listen now
Description
Madan Jacques resevwa Doktè Thierry Laplanche ak Doktè Marie Maud Nazon Laplanche. Doktè sa yo, se mari ak madanm, yo se 2 antreprenè ki emplike anpil nan sosyete a. Yo pataje ak nou yon apwòch modèn ak inovatris ke yo mete sou pye pou gere premye biznis yo ki se klinik yo, kijan apwoch sa a pèmèt yo balanse vi pwofesyonèl yo pi byen e bayo tan pou yo fè lòt bagay, e kijan yo gere finans pèsonèl fwaye a. Enjoy
More Episodes
SeeJeanty (Chris Jeanty), se yon Ayisyen Ameriken ki tounen Ayiti e ki komanse plizyè antrepriz a siksè. Lap pataje ak nou nan epizòd Money Talks sa a kijan li komanse, ki zouti li sèvi pou li pèse chimen'l, kijan li reyisi. SeeJeanty ap viv lavi l an Ayiti ki se kote li te toujou vle retounen....
Published 03/15/21
Published 03/15/21
Christine Coupet Jacques, #MadanJacques, resevwa Hugline Jerome, pwomotè ayisyen, entreprenè kreyatif. Hugline pataje ak nou kijan relasyon li ak lajan evolye ak laj ak responsabilite, kijan li jere diferan biznis, e kijan atitid gratitid li pèmèt toujou reyisi nan sa lap fè. 
Published 03/08/21