Episodes
SeeJeanty (Chris Jeanty), se yon Ayisyen Ameriken ki tounen Ayiti e ki komanse plizyè antrepriz a siksè. Lap pataje ak nou nan epizòd Money Talks sa a kijan li komanse, ki zouti li sèvi pou li pèse chimen'l, kijan li reyisi. SeeJeanty ap viv lavi l an Ayiti ki se kote li te toujou vle retounen. Al tande l.   
Published 03/15/21
Published 03/15/21
Christine Coupet Jacques, #MadanJacques, resevwa Hugline Jerome, pwomotè ayisyen, entreprenè kreyatif. Hugline pataje ak nou kijan relasyon li ak lajan evolye ak laj ak responsabilite, kijan li jere diferan biznis, e kijan atitid gratitid li pèmèt toujou reyisi nan sa lap fè. 
Published 03/08/21
Achitèk Christine Laraque pataje anpil prensip nan #MoneyTalks ak #MadanJacques 
Published 01/26/21
Frantz Duval, chèf redaksyon jounal Le Nouvelis ak direktè jeneral radyo Magic 9, pale souvan nan medya sou tout kalte koze peyi mè se pa souvan nou tande l pataje experyans pa li. Nan Epizòd #MoneyTalks sa a, #MadanJacques pale ak Frantz Duval sou experyans pèsonèl li ak lajan, leson li aprann depi l te jèn, kijan li devlope yon modèl finansye ki pèmet jèn jounalis yo gen plizyè kòb kap antre. Al koute l !!! 
Published 01/18/21
Carel Pedre, animatè Chokarella, antreprenè kreyatif ap pataje istwa pèsonel li ak lajan, depi li te timoun ak Kijan li vinn jere lajan lè li vin papa. Carel explike Jan l fè pou toujou adapte l ak lavi a pou li toujou rive jwenn 2 bout yo ak plis anko. Al tandel. Bon Lane 2021
Published 01/11/21
Epizode #MondayMotivation sa pale de 7 leson la vi a, ke ou pa aprann lekol men ki fè pati de kotidyen ou #MadanJacques
Published 09/14/20
Nan vi an gen kèk di “astuces” ou ka mete an pratik pou viv pi byen. Al tande #madanjacques nan #mondaymotivation
Published 08/24/20
Tout moun konn resevwa yo. Apèl nan on move moman, lè ou okipe anpil, men kijan pou fini kovèsayon an pou evite fè moun nan fache oswa santi se voye wap voye l ale. Pran swen de relasyon w al tande #madanjacques nan #MondayMotivation.
Published 08/10/20
Nou chak konn fè yon erè ki mande pou nou prezante eskiz oswa mande padon a yon moun ke nou fèl mal. Admèt ke w an tò pa fasil ditou. Tande 5 ti konsèy #MadanJacques pote pou nou nan #MondayMotivation pou ka aprann mande padon. Sa ka pèmèt ou kenbe bon jan relasyon ak pwòch ou.
Published 08/03/20
Pou ka kominike pi byen, fòk ou konn tande, fòk ou aprann koute moun kap pale ak ou.
Published 07/27/20
Nou tout gen men 24è tan chak jou. Jan w organize jounen w, ak jan w jere tan w ka fè yo gwo enpak sou kapasite w pou rive reyalize objektif ou fixe. Al tande 5 ti konsèy pou ka byen jere 24 è tan paw la.  #LendiMotivasyon 
Published 07/20/20
Pierre Stanley Baptiste te fè yon ti pale ak #MadanJacques sou MoneyTalks. Li pataje visyon li sou kesyon lajan, kijan li te fè edikasyon finansyè tèt li, e li pale de liv li ekri a "The Underdog Revolution" ki pataje yon lòt jan pou wè povrete, inovasyon, ak chanjman sosyal. Li pataje anpil konsèy ak enèji positif, kap pèmèt nou pèse nan lavi a ak jwenn balans nou bezwen pou nou reyisi. Al tande l! 
Published 07/13/20
Plis ou panse negatif, mwens ou gen chans pou reyisi rèv ou. Tande kèk ti teknik pou apran devlope yon atitid positif.
Published 06/29/20
Pou reyisi fòk ou mete disiplin nan tout sa wap fè. Tande kèk ti konsèy.
Published 06/22/20
Nan premye epizòd #LendiMotivasyon mwen pataje 5 teknik ou dwe aplike pou pran bon jan desizyon. Konsèy sa yo ap sèvi w kelkeswa desizyon ou gen pou pran nan lavi w. #MadanJacques 
Published 06/15/20
COVID-19 fè ke tout moun ap travèse yon peryòd de chanjman ak ensètitid kote nenpòt mou ka viktim. Se yon moman kote tout antreprenè ak tout mam responsab yon fanmi oswa yon gwoup dwe pran konsyans de nivo risk la, kote yo ta dwe fè yon plan pou asire siksesyon yo nan yon pòs, mete tout papye nan lòd, pale ak pwòch yo sou tout sa ki ta ka reprezante yon sousi si ta gen yon trajedi. Eske relèv ou pare ? Eske ou gen yon plan kontenjans ? Eske si w pa ta la biznis ou ap kontinye ? Eske fanmi w...
Published 04/30/20
Eske lide biznis ou à toujou rete valid jodia ? Eske startup oubyen PME wap jere a pare pou kenbe pandan 3 mwa anko nan konteks kowonaviris la ? Ki opotinite ki vini ak maladi sila ? Sonje, se pa sa ki pi fò yo kap reyisi, se sa ki adapte yo pi rapid kap rete vivan. 
Published 04/14/20
Mèm lè nou konnen sitiyasyon nap viv ak COVID-19 la gen pou l pase, nan moman sa a, fòk nou byen gere bidjè nou. Fòk nou pran konsyans. Fòk nou evite bay tèt nou manti. Fòk nou gere pou nou ka fè fas ak depans nou pandan ke nap sere pou demen paske nou pa konnen konbyen tan pandemi sila, kap boulvèse tout mond nan, ap dire ni ki konsekans dirèk li ka genyen sou vi pa nou ak finans pèsonèl nou. Tande kèk ti konsèy nan edisyon espesyal #MoneyTalks ak #MadanJacques sou gesyon bidjè nan kad...
Published 04/06/20
Mèt Giovanna Menard ap pataje ak nou kijan metye avoka ak pwofesyon dwa sibi yon gwo transfòmasyon depi kèk lane. Li aprann nou ke pou asire yon bon jesyon kabinè avoka, nou dwe jere l tankou yon antrepriz pandan nap fè balans ant respè tout prensip yo, etik ke pwofesyon an mande ak kapasite pou fè lajan.
Published 03/30/20
Angie Bell nan #MoneyTalks ak Madanjacques, yon jèn edikatris ki ap gere plizyè biznis ansanm, nan vil Okap ak lòt kote tou, pande li toujou ap editye pou fè metriz li. Li pataje ak nou kijan li jere tan l, kijan li itilize kreyativite l nan tout sa lap fè. Li bay anpil konsèy sou seri kompetans ki pi empòtan pou jèn yo genyen jounen jodi a. 
Published 03/23/20
Sandra Florvela nan #MoneyTalks ak -#MadanJacques Yon jèn ayisyèn ki kite peyi a lè l te timoun, mè li pat kite idantite l, li pa janm pèdi atachman l ak kilti a. Kom fanm Ayisyèn li reyisi louvri yon antrepriz teknoloji poul bay kominote ayisyen an sèvis ak fè pwomosyon tout sa ki ayisyen. Kompayi sa a se #HaitianBusinesses. Nan tout sa Sandra fè pou l fè lajan, li jwenn mwayen pou li fè pwomosyon Ayiti. Tande kijan li reyisi fè tout bagay sa yo pandan tou ke lap leve 2 timoun.
Published 03/17/20
Nan edisyon #moneytalks sila, nap tande Daphnée Charles, sou zafè leve de fon, kijan pou prezante w, koman pou abóde yon esponsò, ki Jan pou jere relasyon an le w fin tabli kontak la. Al tande @madanjacques
Published 03/09/20
Madan Jacques resevwa Doktè Thierry Laplanche ak Doktè Marie Maud Nazon Laplanche. Doktè sa yo, se mari ak madanm, yo se 2 antreprenè ki emplike anpil nan sosyete a. Yo pataje ak nou yon apwòch modèn ak inovatris ke yo mete sou pye pou gere premye biznis yo ki se klinik yo, kijan apwoch sa a pèmèt yo balanse vi pwofesyonèl yo pi byen e bayo tan pou yo fè lòt bagay, e kijan yo gere finans pèsonèl fwaye a. Enjoy
Published 03/02/20
Etzer Emile, ecrivain, economiste, entrepreneur … li pataje ak nou poukisa li di nan liv ke li pibliye a ke “Ayiti chwazi pou li pòv”. Nan kontèx ekonomik frajil ke nap viv la, Etzer Emile bay anpil bon konsèy pou moun ki ta vle envesti nan peyi a, ki opòtinite ki genyen ak ki risk ki genyen tou, e kijan pou gere lajan w pou ka toujou rete estab finansyèman.
Published 02/24/20