Episodes
Tout moun konnen wòl dyaspora ayisyen a kòm yon aktè ekonomik nan peyi a. Annou tande envestisè Rudy Rocourt ki lanse yon konpayi transfè nan peyi a  ki rele Jetli Transfert. Jèn entreprenè a pataje ak nou kijan li te entegre tèt li nan peyi lakay apre dis lane deyò, kijan li te kòmanse, ki difikilte li te fè fas, kijan li menen operasyon biznis la, ak kisa nou bezwen pou amelyore konpreyansyon nou nan zafè envestisman dyaspora.
Published 02/18/20
Chak antreprenè gen pwòp istwa li. Ou dwe konnen ki kote ou soti pandan ou rete konsantre sou ki kote ou prale. Sakrifis, detèminasyon, fokis se règ jwèt la. An nou koute antreprenè, ak enfluyensè Jhonson Napoleon, nan #MoneyTalks ak #MadanJacques sou pakou li pou li rive kote li ye jodia, nan tèt Azure University, Napo Dépôt elatrye.
Published 02/10/20
Lè w ap pase entèvyou pou yon travay, gen kèk ti teknik ka fè yon gwo diferans. Kijan pou prepare w ? Eske oud we reponn kesyon salè? Eske ou dwe rete tann komayi an fè yon òf?  Kijan ou ka negosye salè a ? Eske w gen dwa poze kesyon ? Si’w ta renmen konnen repons yo al tande rekritè Christina Sanon nan #MoneyTalks ak #MadanJacques
Published 02/03/20
Èske w janm reve kite travay ou a pou vin pwòp bòs ou? Ou pa pou kont ou. Dapre sa Marc Alain Boucicault pataje nan #MoneyTalks ak #MadanJacques, gen anpil faktè pou konsidere anvan ou remèt demisyon w. Kijan pou pare w?  Ki difikilte ou fè fas le w fèk komanse ? lew fin Entreprenè kijan pou jere gwo kriz ?  se tout bagay sa yo PDG @Banj la pataje ak nou. Al tande l.
Published 01/28/20
Lajan se yon sijè tabou nan anpil relasyon de koup. Lè ou vinn gen timoun se pi rèd. De moun ki renmen youn ak lòt pa nesesèman vle di ke yo pataje menm vizyon nan zafè jesyon lajan. Ann tande kèk ti konsèy na men Francesca Francois Eugène, yon mandan marye, yon manman 2 timoun, yon fanm modèn.
Published 01/20/20
Yon antreprenè se yon moun ki pran kontwòl lavi l ak avni l. Koute premye epizod “Money Talks” kote antreprenè “Francky Louis” ap pataje pakou li ak nou, kisa ki motive’l, ki jan li jere, kijan li fè fas ak difikilte … Al Tande’l
Published 01/13/20
Music is Life
Published 12/17/19
Nan episode sa nap pale de kijan ou ka kenbe kow an nanm ou en bonne sante.
Published 12/06/19