Episodes
Jan m te anonse l lan, nan okazyon anivèsè m, mwen chwazi pibliye yon epizòd ki baze sou yon seri kesyon anpil nan nou te poze m pou nou ka pi byen konprann fonksyonman ak baz maketing nimerik la sitou an Ayiti. Nan nimewo sa mwen pale de pwen tankou : - konpetans ak etid ki nesesè pou evolye nan domèn sa, - Ki travay yon moun ki nan atizay ka fè nan maketing an liy - Konsèy pou yon jèn an Ayiti ki ta renmen vann konpetans li nan domèn lan, selon eksperyans mwen. Mwen espere n ap...
Published 03/26/24
Published 03/26/24
Aprè yon moman absans akoz sitiyasyon difisil n ap travèse yo, nou kontan envite w tande yon nouvo epizòd spesyal podkas Espace Marketing sou kijan nimerik la ka rive ede antrepriz ak pwofesyonèl yo travèse moman kriz yo !Nou eksplore divès pwen tankou :• Jan entènèt la chanje fason biznis yo fonksyone• Divès zouti nimerik ki ka ede antrepriz yo menm nan peryòd kriz• Kantite opòtinite ki louvri pou pwofesyonèl ayisyen yo depi aprè 2020 gras ak entènèt la... --- Support this...
Published 03/19/24
Oggi se yon jèn antreprenè k ap evolye nan domèn nimerik lan depi kèk lane. Aktivite l nan kesyon graphic design te ba l volonte kreye Bèlide Magazine, yon magazin an liy ki kouvri sektè kiltirèl la ak lòt. Dèyè gwo travay Bèlide ap fè a, gen anpil sakrifis ak obstak ki make ekip la. Oggi pataje istwa l ak pakou l soti depi nan kreyasyon magazin nan rive nan vizyon yo genyen pou avni yo. Nou envite w tande epizòd la kounya ! --- Support this podcast:...
Published 02/26/24
Mond nimerik la pote anpil chanjman nan lavi n pèsonèl ak pwofesyonèl nou. Li menm rive fè enpak sou fason nou fè biznis. Jounen jodi a, gras ak entènèt epi bon konpetans yo, ou pa bezwen anpil pou w fè komès pa egzanp. Ou ka ret lakay ou epi kreye yon biznis an liy kote w ap vann pwodui bay kliyan san w pa deplase. Se sa yo rele E-COMMERCE la ! E se de sa n ap pale nan epizòd sa a. Byenvini nan Espace Marketing, nan nimewo sa nou gen Jean Hermy Beauciquot kòm envite ki vin pataje...
Published 02/17/24
Idantite mak yon antrepriz se tout valè, vizyèl ak mesaj ki met ansanm pou reprezante antrepriz sa. Se sa ki defini kijan piblik la pral wè e konprann mak ou an. Li nesesè pou w byen konstwi epi jere idantite mak la paske menm jan l ap ede w grandi se konsa tou li ka fouye w nan twou lè l mal jere. Nan epizòd sa, Blaise Defky (Husky Design) pataje anpil konsèy ak astis k ap ede w nan pwosesis sa. Bon ekout ! --- Support this podcast:...
Published 02/10/24
• Ki etap kle yon moun dwe suiv pou l kreye yon prezans an liy ? • Kijan l ka rive jwenn premye kliyan l sou entènèt la ? • Èske yon biznis ki fenk ap lanse l an liy dwe kouri antre nan piblisite peyan ? Se pwen sa yo ak plizyè lòt ankò Herby Charles te touche nan premye epizòd Espace Marketing pou 2024 lan, kote li pataje divès konsèy ak strateji maketing pou yon biznis ka grandi sou entènèt la. Tande l kounya e pa ezite aplike konsèy li yo pou w jwenn bon rezilta ane sa a. ---...
Published 02/03/24
Etzer se yon jèn k ap evolye nan domèn maketing an liy lan depi kèk lane. Aprè kèk tan ap pran bon jan fòmasyon ak coaching, li menm ak yon patnè l te deside kreye Specian Digital, yon ajans k ap founi akonpayman bay antrepriz isit kou lòtbò dlo. An plis de sa yo rive mete sou pye Specian Success Academy, pou ofri fòmasyon an liy sou plizyè aspè. Novanm 2023 sa ap fè Specian 3 lane depi li egziste. Etzer ap pataje pakou l ak eksperyans li nan #Storytime sa. --- Support this podcast:...
Published 11/12/23
Byenvini nan yon nouvo seyans kesyon - repons Espas Maketing. Nan sesyon sa nou envite Etzer-Louis Charles ki pale de divès mwayen yon moun ka itilize Canva pou li fè lajan. Etzer se CEO Specian Success Academy yon platfòm ki ofri kou an liy sou metye nimerik yo. Li pwofite pataje yon spesyal sou yon pwogram ki disponib pwogram pou aprann fè kòb ak Canva. Lè w fin tande seyans sa, kontakte n dirèk. Si w pa ta renmen rate aktivite sa yo, rejwenn kominote nou an nan lyen sa :...
Published 09/10/23
Byenvini nan Espas Maketing. Nan epizòd sa, nou fè yon bèl chita pale ak Sarah Marlange Zephyr sou enpòtans kominikasyon nan evolisyon ak karyè tout pwofesyonèl. Sarah se yon spesyalis nan koze kominikasyon, li pataje anpil bèl konsèy ak teknik k ap ede w nan kèlkeswa domèn w ap evolye. Pa bliye kòmante epi pataje epizòd la si w twouve li enteresan --- Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/espasmaketing/support
Published 09/02/23
Byenvini nan #espasmaketing, pou nimewo sa nou chwazi pataje yon epizòd nan podkas Maketing rezo sosyal kote host nou @kimsbeljean ak Gaetan t ap diskite sou wòl rezo sosyal yo jwe nan maketing nimerik. Men kèk nan pwen yo touche : - kòman Digital Marketing te ye avan rezo sosyal yo ? - Nan yon plan marketing nimerik pou biznis, ki wòl rezo sosyal yo jwe ke lòt medium yo paka jwe - kòman Influencer Marketing ye Nan moman e ki avantaj li bay biznis - Règ nou dwe toujou aplike lè n ap fè...
Published 07/24/23
Kèlkeswa pwojè w ap antreprann, li enpòtan pou w rekeyi bon jan enfòmasyon k ap ede w kreye bon baz pou atenn objektif ou. Se menm jan nan maketing, ou pa ka rive fè siksè sou mache w la si w pa gen done sou piblik ou sible a, tandans mache sa e menm konkirans lan. Byenvini nan podkas Espas Maketing, nan epizòd sa mwen : • Pale de enpòtans rechèch ak analiz done genyen nan maketing, • Dekri kèk sous kote w ka rekeyi enfòmasyon w bezwen yo, • Pataje 5 zouti pou ede w fè travay sa...
Published 07/17/23
Epizòd sa se yon prezantasyon Jamesky Thelusma te fè sou divès eleman ki konstitye yon idantite vizyèl. Si w se graphic designer oubyen ou gen yon startup li enpòtan pou w konprann eleman sa yo, y ap ede w byen reprezante mak ou. Bon ekout ! --- Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/espasmaketing/support
Published 07/08/23
Byenvini nan yon lòt epizòd Espas Maketing. Fwa sa nou avèk Janlik Creative, (Luc Dufresne) pou n eksplore metye content writing la epi konprann pouvwa ekriti genyen nan mond nimerik la. Janlik pataje konpetans ki nesesè pou w reyisi nan domèn lan, li devwale teknik pou demake w epi pwodui yon travay kalite. Nan epizòd sa w ap jwenn yon lis zouti k ap ede w ret pwodiktif epi kreye bon jan kontni ki ka angaje odyans ou yo. Pou fini li ofri kèk konsèy pou yon jèn an Ayiti ki ta swete...
Published 07/01/23
Byenvini nan yon lòt nimewo Espas maketing ! Nan epizòd sa nou plonje nan inivè graphic design nan pou dekouvri pakou Ruth Pharissa J. JONCKA ak eksperyans li nan domèn nan. Joncka pwofite pataje kèk teknik ak strateji li itilize pou amelyore travay li, demake l epi vann konpetans li pi byen chak jou. Si w se yon graphic designer oubyen enterese ak domèn sa, w ap jwenn konsèy pratik sou tout sa w dwe fè lè w ap kòmanse, resous ou sipoze genyen e zouti ou dwe metrize. Ke w deja...
Published 06/24/23
Byenvini nan yon lòt nimewo Espas Maketing. Nan epizòd sa nou : • eksplore sektè maketing nimerik an ayiti an, • Vizite diferan metye ki gen ladan l • Analize diferan opòtinite li ofri pou grandi nan aspè pwofesyonèl, • Gade defi ak obstak ki fas ak nou pa rapò ak reyalite peyi a, • Prezante kèk strateji k ap ede w simonte obstak sa yo si w ta vle grandi nan sektè a kanmenm. Rejwenn nou nan bèl prezantasyon sa e dekouvri kijan w ka konstwi yon bon karyè nan domèn sa ki pa janm...
Published 06/17/23
Sektè freelancing lan ap grandi chak ane. Gras ak nimerik la gen nouvo metye ki kreye sa ki bay plis opòtinite travay men tou plis konpetitè. Jounen jodi a si w vle fè siksè kòm freelancer li enpòtan pou w metrize kèk teknik ak zouti patikilye e li nesesè pou w gen yon strateji k ap pèmèt ou byen pozisyone w. Byenvini nan yon nouvo epizòd Espas Maketing. Pou seyans sa nou gen Jude Pierre-Louis ki vin pataje plizyè konsèy tankou : • Bon fason w ka demare kòm freelancer, • Kijan w ka...
Published 06/12/23
Kisa entelijans atifisyèl ye ? Depi kilè li la ? Ki avantaj li ka bay biznis ou an nan kesyon maketing ? Se de tout sa ak lòt nou pale nan epizòd sa. Ou menm ki ta renmen gen plis enfòmasyon sou teknoloji sa, n ap envite w tande nimewo espas maketing sa e pa ezite pataje l nan kominote w. --- Support this podcast: https://anchor.fm/espasmaketing/support
Published 03/05/23
Menm jan ak tout lòt aspè nan mond lan, evolisyon nimerik la afekte sektè atizay ak kreyatif la anpil. Pa bò isit anpil jèn ap itilize zouti dijital yo pou prezante e vann zèv yo pi byen. Nan epizòd sa nou te fè yon bèl chita pale ak Wendy Civil sou enpak nimerik la genyen nan mond sa.  Wendy se fondatè Hart's yon kominote ki la pou ankadre jèn atis ak kreyatè ayisyen. Nou envite w gade epizòd la e pa neglije pataje l... --- Support this podcast: https://anchor.fm/espasmaketing/support
Published 02/06/23
Byenvini nan yon lòt epizòd Espas Maketing.  Nan epizòd sa nou pale de wòl " kontni " jwe nan strateji nimerik e nou pataje 4 etap nesesè k ap pèmèt ou kreye kontni pou fè yon bon kanpay maketing.  • Planifikasyon  • Kreyasyon  • Pwomosyon  • Evaliyasyon...  Tande l kounya e pa ezite di nou sa w panse ! --- Support this podcast: https://anchor.fm/espasmaketing/support
Published 01/28/23
Byenvini nan yon lòt nimewo Espas Maketing. Nan epizòd sila nou fè yon bèl konvèsasyon ak Gaetan Casseus sou enpòtans rezo sosyal yo genyen pou startup / PME yo. Gaetan pataje plizyè teknik ak strateji k ap pèmèt ou byen itilize platfòm yo pou w ka atenn objektif maketing ou. Ou gen yon ti biznis ? Yon startup? Branche epizòd sa kounya, ou p ap regrèt ! --- Support this podcast: https://anchor.fm/espasmaketing/support
Published 01/21/23
Byenvini nan premye nimewo Espas Maketing pou ane 2023 a. Nan epizòd sa nou fè yon prezantasyon jeneral de maketing nimerik, nou vizite plizyè pwen enpòtan li gen ladan e nou pataje 4 etap enpòtan ou dwe franchi lè w ap kreye yon prezans an liy.  Ou vle itilize entènèt la pou lanse biznis ou men w pa konn ki kote pou w kòmanse ? Epizòd sa se pou ou ! Pa bliye pataje l epi suiv platfòm E.space Marketing nan lyen sa : https://bio.site/espacemarketinghaiti --- Support this podcast:...
Published 01/15/23
Depi ane pase tout kote se yon sèl bagay k ap pale "Metaverse". Se nan menm moman sa tou konsèp reyalite vityèl ak reyalite ogmante a vin pi alamòd. Pou anpil moun teknoloji sa yo pral louvri pòt sou yon nouvo mond pandan gen lòt ki pa menm konn kisa mo sa vle di.  Si w fè pati de dezyèm gwoup la, podkas sa se pou OU.  Byenvini nan yon lòt epizòd podkas ESPAS MAKETING ! Nan epizòd sila nou gen avèk nou Karlex Dominique Boursiquot, Analis pwogramè epi kodirektè Tainos Visual Art. Dominique...
Published 06/06/22
Sa fè yon bon moman depi tout moun ap kleyonnen yon sèl bagay "MAKETING NIMERIK, MAKETING DIJITAL". Sa ka rive jiskaprezan ou poko janm konn kisa l ye, ki kote l soti e menm ki kote l prale. Se pou sa menm nan epizòd sa nou pote kèk rechèch pou ou k ap ede w konprann domèn sa pi byen.  Lè w fin tande epizòd sa w ap tou aprann :  • Definisyon konsèp la ak diferan zouti li gen ladan  • Wòl li ak enpòtans li nan biznis  • Istwa kote l soti ak moman enpòtan yo  • Kèk tandans ki pral...
Published 05/30/22
Mwen se Kims Beljean, e m ap di w byenvini nan espas maketing, yon podkas k ap ede w elaji konesans ou nan mond nimerik lan e dekouvri tout bèl bagay ki kache ladan l. nan 3èm sezon ESPAS MAKETING w ap jwenn : 1- Anpil bèl pèsonalite ki pral ede n rete "Up to date" nan domèn maketing, kreyasyon mak ak biznis an liy, 2- Bèl deba sou plizyè sijè modèn, inovan, 3- Teknik ak strateji k ap pèmèt ou fè siksè nan domèn nou sot site yo. Espas maketing disponib sou tout platfòm podkas yo, kidonk...
Published 05/25/22