KI ENPAK REZO SOSYAL SOU LAVI MOUN JOUNEN JODI A ?
Listen now
Description
Jodi a li preske enposib pou yon moun pase l de rezo sosyal. Nan Nivo pwofesyonel ou pèsonèl, nou tout se itilizatè ki plizoumwen aktif sou rezo sosyal. 4 premye rezososyal ki nan top klasman an gen yo chak plus yon milya itilizatè. Selon yon rapò Kepios, ki se yon enstans k ap ede idantifye chanjman nan konpòtman nimerik, nan mwa janvye 2022 ki sot pase la, gen anviwon 4,95 milya moun k ap itilize rezo sosyal ak entènèt. Sou tout denyè deseni sa to kwasans itilizate a estime ak 8,6%. Nan yon lane sèlman se plis pase 192 milyon moun anplis ki vini sou rezo sosyal. Ki enpak rezo sa yo genyen nan lavi chak jou moun ? Ki bon ak move kote yo ? Miguelline Edouard, Sikològ espesyalize nan Sikanaliz, ap fè viwonn kesyon sa ak nou nan dezyèm epizod sa. --- Send in a voice message: https://anchor.fm/collinx-mondesir/message
More Episodes
Jounen jodi a, Ayiti ap konnen yon kriz plizyè tèt : politik, ekonomik, sosyal e menm imanitè.  Pou Professeur Billy,  kriz sa se rezilta dejenenasyon yon eleman nan sistèm nan ki se vyolans, ki atenn yon nivo pawoksis e ki vin kreyeyon sitiyasyon pèson pa gen kontwòl li. Nan sans sa, vyolans lan...
Published 09/12/22
Published 09/12/22
Anpil estrikti ak "coach" nan devlòpman pèsonèl ap pouse tankou djondjon an Ayiti dènyè tan sa yo. Tandans sa pa sèlman an Ayiti se nan tout mond nan, gen yon gwo monte an pisans nan fason moun yo konsome kontni sou devlòpman pèsonèl. Ant lane 2021 pou rive 2021, pwodiksyon liv sou sijè sa ogmate...
Published 08/08/22