Episodes
Jounen jodi a, Ayiti ap konnen yon kriz plizyè tèt : politik, ekonomik, sosyal e menm imanitè.  Pou Professeur Billy,  kriz sa se rezilta dejenenasyon yon eleman nan sistèm nan ki se vyolans, ki atenn yon nivo pawoksis e ki vin kreyeyon sitiyasyon pèson pa gen kontwòl li. Nan sans sa, vyolans lan vin tounen yon modalite pou Ayisyen afime tèt yo epi siviv nan yon anviwònman ki ostil pi plis chak jou.  Ki enpàk anviwòman agresif sa genyen sou lavi an Ayiti ? Ki fòm ekspresyon emosonèl li...
Published 09/12/22
Published 09/12/22
Jodi a li preske enposib pou yon moun pase l de rezo sosyal. Nan Nivo pwofesyonel ou pèsonèl, nou tout se itilizatè ki plizoumwen aktif sou rezo sosyal. 4 premye rezososyal ki nan top klasman an gen yo chak plus yon milya itilizatè. Selon yon rapò Kepios, ki se yon enstans k ap ede idantifye chanjman nan konpòtman nimerik, nan mwa janvye 2022 ki sot pase la, gen anviwon 4,95 milya moun k ap itilize rezo sosyal ak entènèt. Sou tout denyè deseni sa to kwasans itilizate a estime ak 8,6%. Nan yon...
Published 08/15/22
Anpil estrikti ak "coach" nan devlòpman pèsonèl ap pouse tankou djondjon an Ayiti dènyè tan sa yo. Tandans sa pa sèlman an Ayiti se nan tout mond nan, gen yon gwo monte an pisans nan fason moun yo konsome kontni sou devlòpman pèsonèl. Ant lane 2021 pou rive 2021, pwodiksyon liv sou sijè sa ogmate jiska 75%, san konte magazin, sit entènèt, blòg, enfliyansè k ap simaye enfòmasyon pasipala pou pouse moun an jeneral pran desten yo an men nan devlope kapasite yo e nan mache kontre pi bon vèsyon...
Published 08/08/22
KISA KI MTALK PODCAST ? MTalk Podcast se yon espas lapawòl ki santre sou moun nan rapò li ak tèt li, rapò li lanati, rapò li ak lòt yo e sitou rapò li ak kominote y ap evolye ladan l. Objektif Mtalk Podcast se kreye yon espas pawòl kote n ka aprann plis sou tèt nou, konprann pi byen kondisyon egzistans nou, chèche kòman n ka viv pwòp lavi nou nan mete devan potansyèl ak talan la nati bay nou, chèche konprann kijan n ka devlope lyen solid ak lòt yo, kijan chak endividi ka anbrase idantite l...
Published 07/08/22
MTalk Podcast se yon pawòl sou Moun, yon pawòl sou Mond lan ki chita sou 3 pilye prensipal : Motivasyon, Byennèt ak devlòpman pèsonèl Podcast si la gen pou objektif ede chak moun mache kontre pibon vèsyon yo menm nan ankouraje yo devlope bonjan rapò amoni ak tèt yo, ak lanati epi ak kominote yo. Prezantatè : Mondésir Collinx --- Send in a voice message: https://anchor.fm/collinx-mondesir/message
Published 07/04/22