KI SANS DEVLÒPMAN PÈSONÈL GENYEN NAN KONTÈKS EKONOMIK SOSYAL AK POLITIK AYISYEN KOUNYA A ?
Listen now
Description
Anpil estrikti ak "coach" nan devlòpman pèsonèl ap pouse tankou djondjon an Ayiti dènyè tan sa yo. Tandans sa pa sèlman an Ayiti se nan tout mond nan, gen yon gwo monte an pisans nan fason moun yo konsome kontni sou devlòpman pèsonèl. Ant lane 2021 pou rive 2021, pwodiksyon liv sou sijè sa ogmate jiska 75%, san konte magazin, sit entènèt, blòg, enfliyansè k ap simaye enfòmasyon pasipala pou pouse moun an jeneral pran desten yo an men nan devlope kapasite yo e nan mache kontre pi bon vèsyon posib yo menm nan. Ki sans yon apwòch pozitivis konsa, ki rann bonè a posib e aksesib ak tout moun e ki rann endividi a responsab totalman siksè l ou echèk li, genyen nan kontèks ekonomik, sosyal ak politik Ayisyen kounya a ? Steeven Louis, Doktoran nan Sikoloji Klinik ak Sikopatoloji ap fè viwonn kesyon sa ak nou nan premye epizod sa.  --- Send in a voice message: https://anchor.fm/collinx-mondesir/message
More Episodes
Jounen jodi a, Ayiti ap konnen yon kriz plizyè tèt : politik, ekonomik, sosyal e menm imanitè.  Pou Professeur Billy,  kriz sa se rezilta dejenenasyon yon eleman nan sistèm nan ki se vyolans, ki atenn yon nivo pawoksis e ki vin kreyeyon sitiyasyon pèson pa gen kontwòl li. Nan sans sa, vyolans lan...
Published 09/12/22
Published 09/12/22
Jodi a li preske enposib pou yon moun pase l de rezo sosyal. Nan Nivo pwofesyonel ou pèsonèl, nou tout se itilizatè ki plizoumwen aktif sou rezo sosyal. 4 premye rezososyal ki nan top klasman an gen yo chak plus yon milya itilizatè. Selon yon rapò Kepios, ki se yon enstans k ap ede idantifye...
Published 08/15/22