ANESTEZI EMOSYONÈL KÒM FÒM EKSPRESYON SIKOLOJIK KRIZ AYITI KOUNYA A
Listen now
Description
Jounen jodi a, Ayiti ap konnen yon kriz plizyè tèt : politik, ekonomik, sosyal e menm imanitè.  Pou Professeur Billy,  kriz sa se rezilta dejenenasyon yon eleman nan sistèm nan ki se vyolans, ki atenn yon nivo pawoksis e ki vin kreyeyon sitiyasyon pèson pa gen kontwòl li. Nan sans sa, vyolans lan vin tounen yon modalite pou Ayisyen afime tèt yo epi siviv nan yon anviwònman ki ostil pi plis chak jou.  Ki enpàk anviwòman agresif sa genyen sou lavi an Ayiti ? Ki fòm ekspresyon emosonèl li jenere lakay Ayisyen ? Kòman n ka soti nan sik vyolans sa ? Kijan n ka restore espas kote moun ap viv yo an Ayiti pou yo sispann reveye emosyon negatif lakay moun ? Nan ki limit Ayisyen ka kontinye ap adapte l ak sitiyasyon enframoun sa ? Raynold Billy, Doktè nan Sikoloji Sosyal ak Entèkiltirèl ap fè viwonn kesyon sa ak nou nan twazyèm epizod sa. --- Send in a voice message: https://anchor.fm/collinx-mondesir/message
More Episodes
Published 09/12/22
Jodi a li preske enposib pou yon moun pase l de rezo sosyal. Nan Nivo pwofesyonel ou pèsonèl, nou tout se itilizatè ki plizoumwen aktif sou rezo sosyal. 4 premye rezososyal ki nan top klasman an gen yo chak plus yon milya itilizatè. Selon yon rapò Kepios, ki se yon enstans k ap ede idantifye...
Published 08/15/22
Anpil estrikti ak "coach" nan devlòpman pèsonèl ap pouse tankou djondjon an Ayiti dènyè tan sa yo. Tandans sa pa sèlman an Ayiti se nan tout mond nan, gen yon gwo monte an pisans nan fason moun yo konsome kontni sou devlòpman pèsonèl. Ant lane 2021 pou rive 2021, pwodiksyon liv sou sijè sa ogmate...
Published 08/08/22